Konpakdis — Yon moso plastik plat e tou won ki gen mizik anrejistre sou li. Lè konpakdis apèn parèt li te vini shanje jan moun koute mizik. Mizik te konnen anrejistre sou plak e kòm son konpakdis la pi bon nan zòrèy, moun sispann ashte plak jis izin sispann… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Sinema — Plizyè sèn teyat ki kole ansanm e anrejistre sou yon band mayetik pou bay imaj sèn yo menm jan yo te anrejistre a sou yon gwo ekran. Gwo ekran sa yo bay tout gwosè aktè avèk aktris yo nòmalman tankou nan lavi reyèl. Film. Yon kay ki gen anpil… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Diskèt — Yon bagay plat e kare ki kapab anrejistre son, konsève tèks, nenpòt enfòmasyon moun kapab kreye sou òdinatè. Gen de fòm diskèt: yonn gen twa pous edmi nan shak kwen e lòt la genyen senk pous enka nan shak kwen. Depi teknisyen fini fè pi piti… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Estidyo — Yon konpayi ki regle afè anrejistre mizik, sinema. Yon konpayi radyo ou byen televizyon. Yon biznis kote fi ale pou yon fè sheve yo, zong yo, figi yo bèl. Yon salon bote … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Kamera — Yon aparèy ki kapab pran imaj avèk son ki toupre li epi anrejistre yo sou kasèt pou voye sou ekran televizyon … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Plak — Yon moso materyèl ki sanble avèk jansiv moun, ki gen dan nan li e ki kapab shita sou jansiv yon moun pou ranplase jansiv avèk dan moun. Yon moso plastik tou won avèk ti tras sou ki gen mizik anrejistre sou li. Nan ane 1980 yo konpakdis vini epi… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Teyat — Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèn pandan odyans la ap gade yo dirèkteman. Pèfòmans plizyè aktè sou yon sèl sèn ki gen shanjman pou fè li sanble avèk plizyè sèn diferan, men ki anrejistre sou yon band mayetik … Definisyon 2500 mo Kreyòl